15 C
New York
jeudi, septembre 28, 2023

Moïse Jean Charles: “depi w wè loksidan frape m konsa konnen m frape yo fò”

Ansyen senatè Moïse Jean Charles pandan l t ap soti nan peyi Nijerya nan kad yon vizit te twouve l nan gwo difikilte ak imigrasyon nan peyi Etazini aprè yon eskal li t ap fè pou kapab rantre nan peyi l.

Senatè a ki te anbake nan yon avyon American Airlines fè konnen 2 ajan imigrasyon te debake nan ayewopò a epi pran l yo ale avè l. Si n kwè pawòl ansyen majistra Milo a, imigrasyon ameriken arete l depi yè lendi a bò 4 è epi ta pral mete l nan prizon vè minui edmi.

Pandan arestasyon an, Moïse Jean Charles fè konnen otorite imigrasyon yo t ap poze l kesyon sou koze rankont li ak Nicolas Maduro novanm pase a, Lidè Pitit Desalin lan fè konnen li pa t janm rankontre ak Nicolas Maduro mwa novanm ki sot pase a. Yo te ap kesyone l tou sou sa l te ale regle Nijerya, li fè konnen li te reponn yo konsa: “Si yo vle arete m, yo mèt arete m. M p ap janm di sa m ta pral fè an Afrik”.

Se lè sa yo ta pral mete politisyen an nan prizon bò minui edmi epi lage l bò 8 è maten an pou anbake l nan yon vòl komèsyal American Airlines. Pou Moïse Jean Charles, se paske li frape loksidan fò ki fè yo frape l konsa.

Lidè Pitit Desalin lan revele yo fè l ouvri bouch li epi mete de seri aparèy tout anndan bouch li. Konpòtman sa yo fè Moïse Jean Charles kwè loksidan enkyete epi fè konnen panik sa yo p ap fè l kanpe nan wout.

Ansyen kandida pou pòs prezidan an fè konnen imigrasyon koupe viza l epi avèti l pou l pa mete pye lakay yo pandan 5 ane. Aksyon sa yo, li kalifye yo de lachte.

Related Articles

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici

Stay Connected

22,878FansJ'aime
3,872SuiveursSuivre
0AbonnésS'abonner
- Advertisement -spot_img

Latest Articles

Toutes Les Dernières Informations Du Monde Avec Passion Info Plus