back to top

Otorite ameriken yo arete yon ansyen anbasadè yo ki t ap travay kòm ajan sekrè Kiba


Manual Rocha, 73 lane, se yon ansyen anbasadè Etazini nan peyi Bolivi, ki jwenn arestasyon l vandredi pase a nan Miami. Diplomat la ki te travay tou nan seksyon enterè ameriken Kiba arete paske FBI idantifye l kòm ajan sekrè Kiben.

Manuel Rocha gen yon karyè ki long nan diplomasi ameriken an, yo konsidere l kòm yon gwo diplomat.

Daprè jounal Miami Herald, aprè Rocha fin pase wikenn nan nan men ajan federal yo, l ap fè aparisyon l devan lakou Federal Miyami jodi lendi a.

Sous jounal la pa konfime l pou konbyen tan diplomat la te travay pou gouvènman Kiben an, ni si l te pataje enfòmasyon sansib sou Etazini avèk yo.

Manuel Rocha ki anbasadè Etazini nan peyi Bolivi, kòm gwo diplomat ameriken li te okipe plizyè lòt pòs tou nan Amerik Disid la ak Karayib. Li diplome nan inivèsite Yale, li gen diplòm etid siperyè tou nan inivèsite Harvard ak inivèsite Georgetown.


Related Articles

Leave a reply

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici

Stay Connected

22,878FansJ'aime
3,912SuiveursSuivre
0AbonnésS'abonner
- Advertisement -spot_img

Latest Articles

Toutes Les Dernières Informations Du Monde Avec Passion Info Plus , Pour toute Offre promotionnelle veuiller nous Contacter.