
Vatikan otorize ofisyèlman jodi lendi 18 desanm nan benediksyon pou relasyon moun menm sèks yo ak moun ki nan sitiyasyon iregilyè pou legliz. Men responsab yo pran tan pou presize sa se pa maryaj.
Nan kad presizyon yo pote sou nouvèl desizyon sa, responsab dikastè yo di, nan yon dokiman kote Pap François apwouve, benediksyon sa y ap pale a p ap janm fèt nan menm moman ak yon seremoni sivil, ni menm gen relasyon ak yo. “ Li posib pou beni koup ki nan sitiyasyon iregilyè yo e koup moun menm sèks yo, sou yon fòm ki pa dwe fikse ritwèlman pa otorite eklezyal yo, nan objektif pou pa pote konfizyon pa rapò ap benediksyon ki pwòp ak sakreman maryaj ”, eksplikasyon dirijan Vatikan yo.
Benediksyon sa yo ka fèt nan moman pèlerinaj ou priyè an gwoup. Sa dwe dewoule kòm de seri zak devosyon, toujou selon responsab yo.
Se premye fwa legliz bay klè kou dlo kòk posibilite pou beni koup moun menm sèks yo (masisi ak madivin). Toutfwa, gen yon gwoup konsèvatè anndan legliz la ki opoze ak desizyon sa.
Fòk nou presize, nan lane 2021, menm Vatikan sa te deklare omoseksyalite se yon « peche » epi te konfime pa gen posibilite pou koup masisi ak madivin yo resevwa sakreman maryaj.
I’m impressed, I have to say. Really hardly ever do I encounter a weblog that’s both educative and entertaining, and let me inform you, you have got hit the nail on the head. Your thought is outstanding; the problem is one thing that not sufficient people are talking intelligently about. I am very pleased that I stumbled throughout this in my seek for something regarding this.
ty27tn
I have been browsing online more than 3 hours today, yet I never found any interesting article like yours. It is pretty worth enough for me. In my opinion, if all site owners and bloggers made good content as you did, the web will be a lot more useful than ever before.
t8vtcm