Konpòtman gang yo anvè enstitisyon edikatif ak sanitè yo nan yon apwòch sosyolojik

0

Nan lide pou eseye konprann sa ki eksplike nivo kriminalite ki manifeste kay endividi ak zam yo nan peyi a, sitou dènye jou yo kote menm etablisman edikatif ak sanitè yo pa epanye, redaksyon Passion Info Plus la te fè yon ti lapawoli ak John Wilfort ESTIVERNE, antwopo-sosyològ e avoka nan bawo Pòtoprens.

Divès lekòl, inivèsite, lopital, famasi, legliz ak lòt enstitisyon ki ta dwe pwoteje menm nan moman gè, sòti viktim depi monte zak vyolans yo 29 fevriye pase a nan peyi a, sitou nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la. Bandi ak zam sakaje, piye oubyen boule anpil nan etablisman sa yo. Zak ki pwouve yon lòt fwa ankò nan ki nivo sosyete a malad grav.

Yon apwòch sosyolojik

Ak Antwopo-sosyològ ESTIVERNE, nou eseye wè sa ki eksplike nivo derayman sa kay nèg ak fanm ak zam yo.

Nan kad konsiltasyon l, jèn pwofesyonèl la di pou nou konprann nivo kriminalite sa, li enpòtan pou nou ta site 2 sosyològ sa yo: Émile Durkheim ak Karl Marx, ki vini ak konsèp «_ Detèminism sosyal_ » la, pou montre lyen ak enfliyans estrikti sosyal la genyen sou endividi yo.

Se pou sa gen yon ansanm règ ki tabli pou òganize sosyete yo sou lobedyans « Leta », ki se sèl chèf k ap sanksyone tout sa k pa obeyi ak prensip yo, eksplikasyon li.

“ kidonk, nivo kriminalite sa rezime ak feblès « Leta » ki pa jwe wòl kontwòl li sou moun yo, li mete sou kote yon gwoup pou favorize yon lòt. Se konsa pratik sa pral kreye fristrasyon lakay gwoup ki majinalize a, sa ki pral akouche fenomèn devyans la nan katye popilè sou fòm aprantisaj, k ap layite chak jou ki jou sou fòm valè epi k ap pataje sou medya sosyal yo ”, sa li ajoute.

Anplis, majinalizasyon sa sa yo pral montre egzistans yo fas ak « Leta » miwo miba a sou fòm vyolans; se tankou se yon presyon yo fè pou anpeche Leta a itilize puisans li genyen ak aparèy represif li yo (Lapolis, Lame ak Lajistis) kont yo. Si nou ta poze tèt nou kesyon sa : Kisa ki fè Lapolis ak Lame pa janm ka jwenn lòd pou mennen operasyon nan katye Vilaj Dedye, Gran ravin, Bèlè, Kanaran, ak lòt ankò ?

Kriminalite a pran lòt nivo, kote jèn gason ak zam yo vin san pitye, yo menm rive ap manje pwòp Ayisyen parèy yo lè yo fin touye yo. “ Pratik pou Ayisyen ap manje vyann Ayisyen parèy li a montre la nou rive nan yon nivo ki depase grav. Men, poum rete Max Weber, chak aksyon yon aktè poze nan sosyete a, li gen yon sans, kote li vin ak konsèp «Ideyal tip» la ”, daprè masteran nan Syans devlòpman nan Fakilte Etnoloji (FE/ILA) a.

Li kontinye pou l di, si nou fè yon apwòch « Antwopolojik », gen anpil bandi pou yo ranfòse pwoteksyon tèt yo, yo al pran pwen kay « Oungan » pou pa pran nan bal ak kout manchèt. Konsa tou, gen nan rityèl sa yo ki ta tradui lide lè bandi a manje yon pati nan kò viktim nan, l ap pwoteje yo sizoka fanmi viktim nan ta fè pousuit mistik kont yo, se rezon sa tou ki ta esplike fenomèn sezi kò ak mete dife sou kadav yo.

Etablisman edikatif ak sanitè

Sitou anba lavil la, dènye tan sa yo, menm etablisman edikatif ak sanitè yo pa epanye anba men endividi ak zam yo. Lapawoli nou ak Antwopo-sosyològ John Wilfort ESTIVERNE ap ede popilasyon an konprann sou plan sosyolojik sa k eksplike nivo endesans sa.

Sitiyasyon malouk sa lye ak feblès enstitisyon nou yo ki pa jwe wòl yo nan sosyete a, epi ki pa enfliyanse lavi endividi yo tou. Paske Lafanmi, Lekòl, Legliz, Leta… yo tout se ajan sosyalizasyon ki la pou kadre epi modle aksyon ak konpòtman tout moun, sa li eksplike, pandan l kontinye pou l di : “ Menm nan tan lagè enstitisyon sa yo dwe jwenn gwo pwoteksyon kont tout atak, paske espas sa yo dwe rete envyolab ”.

Pandan anpil moun ap mande tèt yo kisa ki eksplike menm lekòl, inivèsite, lopital, famasi ak lòt ankò pa epanye anba vyolans sivil ak zam sa yo.

Espesyalis la ki t ap tante pote limyè sou kesyon sa fè nou konprann “ Pwoblèm nan chita sou edikasyon, paske : anpil nan yo pat leve nan yon fanmi pou bayo premye aprantisaj pou konstwi pèsonalite yo; anpil nan yo pa pase sou yon ban lekòl pou transmèt yo kèk prensip ak valè sosyal tankou respekte lavi ak byen, renmen youn lòt, bay li ak ekri enpòtans… Yo pa resevwa kèk valè fondalnatal k ap pataje ant yon jenerasyon ak yon lòt epi k ap pèmèt sosyete a pa disparèt ”.

Gen lòt rezon ankò ki ka eksplike nivo layèn bandi yo pa rapò ak sosyete a, ki pouse yo pa menm epanye anba zak vyolans yo yon seri enstitisyon ki dwa rete envyolab.

Nan sans sa, ESTIVERNE deklare nou tout konsyan nivo « inegalite ak eksklizyon sosyal la rive twò lwen », nou tout dakò kat la dwe rebat. Nan sousi pou nèg Ak zam yo defann enterè yo, yo pati sou baz y ap fè « revolisyon » kont elit ekonomik ak politik yo pou yo ka jwenn senpati popilasyon an, men nan strateji yo, kòm yo paka rive ak fasilite nan rezidans moun sa yo, sa vin lakoz endividi yo ap krache kòlè ak layèn sou pifò enstitisyon nou yo ki tabli yo nan sant vil Pòtoprens la pou montre se yo ki gen fòs la.

Posibilite pou nèg ak zam yo twouve la rezon

Nan kad lapawoli nou, nou wè ki pis ki ka mennen nou ak yon solisyon ki ka anvizaje nan sitiyasyon ensèten nou twouve nou jounen jodi a.

Men, daprè John Wilfort ESTIVERNE, ki baze sou konpreyansyon l genyen sou sosyete a, gen posiblite pou nèg ak zam yo jwenn larezon.

Sa, se si Leta a :

  • Ranfòse kapasite materyèl lapolis la;
  • ⁠Kontwole tout sa k antre nan pò ak ayopò nou yo;
  • ⁠Pini san paspouki tout moun k ap finanse gang yo;
  • ⁠Ranfòse sistèm Lajistis la, pandan y ap mete moun ki kapab;
  • ⁠Tabli yon politik piblik ki chita sou entegrasyon tout kategori sosyal.

E bò kote pa li, « Leta » ki reprezante sosyete a dwe mete kanpe tout aparèy represif, ideyolojik ak distribitif li yo. Pandan li p ap ankouraje enpinite, pou Lajistis blayi.

Men, pou sa fèt, fòk moun ki ap reprezante nou yo mete nan tèt yo se Leta y ap sèvi, se pa Leta a k ap sèvi yo pou yo vin rich. Konsa, li p ap nesesè pou y ap simaye zam nan katye popilè pou yo gen pouvwa ak fè koripsyon, deklarasyon li.

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici