Yon etid inivèsite Michigann, nan lakou Etazini, revele gwo danje ki genyen nan konsomasyon diri ameriken yo. Diri nou konnen komèsan Ayiti yo ap kòmande pou vann bay popilasyon ayisyèn nan chak jou Bondye mete.
Aprè chèchè yo nan inivèsite Michigann fin konpare plizyè echantiyon diri ki fèt Ayiti ak sa ki pwodui Etazini, yo dekouvri diri ameriken an gen ladan yon nivo egzajere eleman chimik « arsenic ak cadmium ». Sibstans sa yo ogmante anpil risk pou moun gen plizyè kansè, maladi kadyak (nan kè), dyabèt (sik) ak lòt maladi ankò, se sa etid la revele.
Chèchè yo reyalize etid sa, ki konsène kantite meto ki gen nan diri lokal la ak sa k sòti Etazini an, nan patenarya ak òganizasyon kominotè pou agrikilti ayisyèn nan. Aprè yo fin dekouvri sa k pa nòmal nan diri ameriken an, yo atire atansyon responsab politik yo pou yo repanse sistèm komèsyal yo a k ap nui Ayisyen yo paske li inonde mache Ayiti a ak diri ki pa bon an, sa ki vin rann li preske enposib pou diri lokal la vann epi pouse kiltivatè yo fè fayit.
“ Agrikiltè ayisyen yo plante plizyè kalite diri e ki se bon pwodui, men yo gen anpil difikilte sou mache lokal la paske yo vin an konkirans ak diri enpòte ki pa vann chè ”, deklarasyon Jackie Goodrich, pwofesè otorize nan rechèch nan syans lasante anviwonmantal nan lekòl sante piblik anndan Inivèsite Michigann.
Etid la
Etid la te kòmanse lè otè V Koski-Karell li te fè rechèch nan kad tèz li an Ayiti kote li te dekouvri plizyè ka maladi gastwo-entestinal lakay popilasyon an aprè yo fin konsome diri ki sòti nan peyi etranje, sitou Etazini. Gwo meto lou, pwodui chimik ki nan diri yo, se te koz maladi sa yo.
Fas ak risk ki ka genyen sou sante popilasyon an inivèsite a te kòmanse kolabore ak agrikiltè ayisyen yo kote chèchè yo te pran plizyè echantiyon diri pou yo ka mezire nivo eleman chimik (arsenic ak cadmium) ki gen ladan yo pa rapò ak diri k ap sòti lòt bò dlo.
Tès yo montre :
- konsantrasyon « arsenic ak cadmium » yo te 2 fwa pi wo nan diri ki sòti lòt peyi yo pa rapò ak diri lokal la;
- Tout diri ki fèt Ayiti yo gen yon nivo « arsenic » ki pi ba pa rapò ak nivo limit ki fikse sou mache entènasyonal la nan kad pwoteksyon pou sante moun. Anplis, diri yo enpòte Ayiti yo anpil nan yo, yo menm, depase limit, nivo ki fikse sou mache entènasyonal la;
- Sitwayen adilt yo Ayiti konsome plis pase 3 tas diri enpòte chak jou, sa ki depase nivo risk minimòm sou toksisite kotidyen;
- Anpil timoun an Ayiti konsome youn ou plizyè tas diri enpòte chak jou, sa ki depase limit konsomasyon « arsenic » ajans sante yo otorize.
Nan konklizyon yo, gwoup chèchè ki reyalize etid sa konseye gouvènman ak sitwayen ayisyen yo fè plis efò pou ede Agrikiltè yo ak sektè agrikòl la, pou konsomatè ayisyen yo ka gen aksè ak aliman ki kiltive nan peyi yo an tout sekirite, aliman ki sèn e divèsifye.
Pi lwen, chèche yo pale sou nesesite ki genyen pou pousuiv rechèch yo nan objektif pou dekouvri nivo « asenik» ki prezan nan kò Ayisyen yo ak pwobabilite ki genyen pou twouve efè endezirab sou sante popilasyon an ki ekspoze pandan anpil tan anba « arsenic ».
Yo mande tou pou gen yon ankèt ki ouvri sou etik nan sosyete k ap pwodui diri Etazini e nan lòt peyi pou voye Ayiti, diri ki gen yon nivo elve « arsenic ». Chèchè yo pwofite pale tou sou bezwen ijan ki genyen pou ranfòse efikasite reglemantasyon ak entèvansyon nan matyè sekirite alimantè kay gouvènman ayisyen an, tankou aksè ak zouti, aparèy, ki ka kontwole nivo « asenik ak kadnyòm » ki gen nan diri popilasyon an ap konsome.
Etid sila sou kalite diri ayisyen an pa rapò ak diri komèsan yo ak Leta ayisyen ak kòmande nan lòt peyi te pibliye nan kòmansman mwa fevriye a nan « Journal of Agriculture, Food Systems and Community Development ». Epi, mèkredi 21 fevriye 2024 la, inivèsite Michigann pibliye l sou sit wèb li.
Jounen jodi a, Ayiti, ki gen yon popilasyon ki konsome diri pase sa n pa konnen, reprezante dezyèm pi gran mache Etazini genyen pou voye diri yo pwodui. Malerezman pi gwo Kote ki te konn pwodui diri nan peyi a ki se Latibonit ki te ka redui nan enpòtasyon yo bandi prèske fin pran l, mete peyizan yo deyò, la anba bouch Leta ayisyen.