« Stealthing » nan lang anglè a se non yo bay pratik sa lè yon moun deside retire kapòt la san l pa jwenn konsantman patnè l. Se yon « vyòl sipriz » daprè analiz yon avoka nan bawo “Pari” nan peyi “Lafrans”, mèt Avi Bitton.
Plenyen yo pa sispann fèt chak jou nan peyi Lafrans, sitou bò kote medam yo ki di mesye yo trayi yo anpil fwa lè y ap fè sèks, akoz yo konn deside retire kapòt la san avèti yo sa. Yon pratik ki kapab ogmante risk pou moun pran maladi nan fè bagay ak gwosès san preparasyon yo.
Viktim yo ki pa deside pote plent daprè jiris la, Mèt Avi Bitton, se paske pa gen lwa sou koze sa. Yon lwa li plede pou otorite fransè yo panche sou li pou limyè te ka fèt sou jan pratik sa ap miltipliye nan sosyete fransè a.
N ap raple w, malgre li poko rekonèt kòm yon zak vyòl nan peyi Lafrans, anpil peyi deja adopte lwa ki kalifye zak sa « Vyòl sipriz ». Swis, Nouvèl-Zeland, ak eta Kalifòni(Etazini) ki siyen l jedi ki sot pase a, se kote lwa sa etabli, daprè jounal « FranceInfo ».
nvdton
What i don’t realize is in reality how you are not really much more smartly-preferred than you might be now. You’re very intelligent. You understand thus considerably when it comes to this topic, made me for my part consider it from numerous numerous angles. Its like women and men don’t seem to be fascinated until it is one thing to accomplish with Girl gaga! Your personal stuffs great. All the time deal with it up!